Kou sa a pa pou debitan.
Kou sa a fèt pou etidyan ki deja gen yon bon baz nan Mizik Pwodiksyon ak Mixing. Si w se debitan, mwen konseye w kòmanse ak Mizik Pwodiksyon 101 (PLAN 3 MWA) anvan.
Nan kou sa a, n ap travay sou yon vrè pwodiksyon Bossa Nova Jazz pou aprann kijan pou abòde yon mizik ki gen yon son plis akoustik, natirèl ak òganik.
Objektif la se pa sèlman aprann sèvi ak EQ, Compressor oswa lòt zouti Mixing. W ap aprann kijan pou pran desizyon selon mizik la, kijan pou respekte dinamik enstriman yo, epi kijan pou fè chak eleman jwenn plas li nan Mix la san w pa retire karaktè natirèl pèfòmans lan.
Nou pral travay sou tout pwosesis la: depi konpozisyon ak aranjman mizik la, preparasyon Mix la, Batri, Upright Bass, Piano, Lead Vocal, Buses, Automation, rive sou Master Bus la.
Kou sa a ap ede w konprann diferans ki genyen ant Mixing yon pwodiksyon ki pi dans tankou KONPA ak Mixing yon mizik Bossa Nova/Jazz kote espas, dinamik, ton natirèl ak entèraksyon ant enstriman yo gen anpil enpòtans.
Pratik nan pwòp Studio pa w
Tout tracks yo disponib pou w ka fè Mix la pou kont ou nan Studio pa w.
W ap kapab travay sou pwojè a nan:
- Logic Pro
- Studio One
- Pro Tools
Sa vle di ou pa sèlman ap gade kijan mwen fè Mix la — ou kapab pran menm tracks yo epi fè pwòp Mix pa w pou mete sa w aprann yo an pratik.
Course Features
- Lectures 13
- Quiz 0
- Duration 90 days
- Skill level Expert
- Students 0
- Assessments Self
Curriculum
- 4 Sections
- 13 Lessons
- 90 Days
- Konpozisyon & Aranjman4 Items
- Preparasyon & Batri3 Items
- Mix Enstriman Akoustik2 Items
- Vokal & Finalizasyon4 Items





