WESTERMUSIC ACADEMY

WESTER MUSIC ACADEMY / YOUR COURSE

YOUR MUSICAL JOURNEY

Aprann Bass Rapid #1

Free Video & Audio Learning Experience

A dedicated WESTER classroom. Your learning path, practice resources and study space, together.

10 chapters119 lessons FREE

Free course · Sign in, then enroll free to enter the Classroom.

THE COURSE

About this course

Aprann Bass Rapid #1 se yon kou gratis ki fèt pou ede w aprann baz gita bas la etap pa etap.

W ap sèlman bezwen achte liv Aprann Bass Rapid #1 la. Tout sa w ap bezwen kòm gid pou ede w travay avèk liv la, w ap jwenn yo isit la sou sit entènèt la.

Kou a òganize an 10 chapit nou rele “LESON.” Andedan chak LESON, w ap jwenn egzèsis ki nan liv la ansanm avèk videyo ak odyo ki fèt pou ede w wè, tande epi pratike sa w ap aprann yo.

W ap travay sou teknik debaz, egzèsis, ritm ak prensip mizikal ki pral ede w devlope yon bon fondasyon sou bas la. Ou kapab suiv leson yo nan pwòp ritm ou, pratike avèk resous yo, epi kontinye kote ou te rete a.

What you’ll learn

  • Aprann baz gita bas la etap pa etap avèk yon metòd ki òganize an 10 LESON.
  • Devlope teknik men dwat ak men goch atravè egzèsis ki soti dirèkteman nan liv Aprann Bass Rapid #1.
  • Travay sou ritm, presizyon, kontwòl ak kowòdinasyon pandan w ap jwe.
  • Sèvi avèk videyo yo pou w wè kijan pou w fè egzèsis yo epi konprann teknik yo pi byen.
  • Sèvi avèk odyo yo pou w tande, pratike epi devlope kapasite w pou w jwe avèk plis konfyans.
  • Avanse nan pwòp ritm ou pandan w ap suiv LESON yo, pratike egzèsis yo epi kontinye kote ou te rete a.
Aprann nan pwòp ritm ou

Eksplore 10 LESON yo, pratike avèk videyo ak odyo yo, epi kontinye kote ou te rete a.